Fri. Nov 15th, 2019

RadioHaitiFusion

La radio qui va loin

Charlemagne Massena Peralte : yon modèl pou jenès ayisyèn nan k ap make pa sou plas

5 min read

Charlemagne Massena Peralte( 10 Oktob 1886_ Premye Novanm 1919): yon model pou jenes ayisyen nan k ap make pa sou plas.

Charlemagne Massena Peralte se pitit jeneral Remi Massena Peralte, yon neg afe bon. Charlemagne Peralte fe etid la kay fre FIC yo kote li fe segonde li Saint Louis Gonzague. Konbatan an te gen 28 tan le Ameriken te debake nan peyi Dayiti an Jiye 1915 e li te komandan Leogane. Ewo san parey sa te vekse anpil le zak briganday sa fet, sa ki te pouse l demisyone nan lame pou l te tounen al viv Hinche kote li te fet e kote fanmi l te gen anpil te. Mwen vle mete aksan sou kalite lavi Charlemagne Peralte te genyen pandan 28 premye ane nan vil kote li te yon privilejye, yon neg byen fome ki pat leve nan mize e ki pat egri. Lide a koumanse bay Meriken yo pwoblem depi 1917 e li fe 2 zan ap mennen yon geriya anvan li mouri. Gen istoryen ayisyen ki fe kwe Charlemagne Peralte se zafe te li, se entere li li t ap defann. Nou rete kwe si Charlemagne Peralte te bwe let chyen menm jan ak pifo lide peyi sa pase koumanse sou Alexandre Petion, pase pran Francois Duvalier, Jean Bertrand Aristide, Michel Martelly fini sou Jovenel Moise, li t ap fini pa jwi privilej tout konze sa yo jwi poutet trayizon yo fe peyi a ak moun k ap viv ladan l.

odia, premye Novanm, nou dwe raple non 3 asasen sa yo: Jean Baptiste Conze, Sejan Herman H. Hanneken, kaporal William Button ki te arive touye potorik gason sa ki se senbol rezistans pep ayisyen fas a kriminel k ap mache vole tout kote e rann lavi moun ki fe yo byen enposib. Si nou ka site non 3 bandi sa yo ki sanse touye Charlemagne Peralte ak men yo; fok nou gen kouraj pou n denonse bandi ki favorize okipasyon peyi a e ki kase ren ekonomi peyi a e ki ranfose sistem peze souse a ki an plas depi 1806. Nou pa dwe bliye Woodrow Wilson, 28 tyem prezidan Etazini ki te yon demokrat ki te monte sou pouvwa 4 Mas 1913 ke Ameriken rasis yo venere kom youn nan pi gwo prezidan peyi a pa janm konnen. Alos, fok nou fe w remake nan menm mwa yo te ranfose rechech pou touye Konbatan an, Woodrow Wilson fe yon kriz tansyon ki paralize l jiskaske li kite pouvwa an Mas 1921 e mouri an Fevriye 1924.

Charlemagne Peralte te konsidere tet li kom ” Chef Supreme de la Revolution” e li mouri zam alamen nan reziste devan premye pwisans rejyonal ki pral vini 30 tan apre premye pwisans mondyal. Se pa san rezon ki fe yo pa rakonte nou lekol istwa okipasyon ameriken nan, kisa ki lakoz li, ki dega li koze pandan soti 1915 rive jodia. Si te gen dirijan, elit ki konsyan ann Ayiti, jodi Vandredi premye Novanm sa ta dwe yon jounen refleksyon sou konba Charlemagne Peralte e jefo li te fe pou l kenbe flanbo libete Dessalines te limen ak gwo jes Premye Janvye 1804 la. Lide mouvman Kako a te yon veritab pitit Dessalines ki pat gen anyen pou we ak blofe kou Francois Duvalier et Jean Bertrand Aristide ki se 2 moun ki sanse fe mas popile yo plis mal nan 50 denye ane sa yo. Non selman yo blofe pep la; men yo pase anba pye tout lit Charlemagne Peralte fe jis pou sovgade entere pesonel yo.

Charlemagne Massena Peralte pot ko gen 30 tan le l te pran angajman pou l kenbe fraz sa Anpere Dessalines, papa nasyon an te pwononse:” Au premier coup de canon d’alarme, les villes disparaissent et la nation est debout.” Lide konsekan Kako a mouri 21 jou apre li te gen 33 zan. Jounen jodia jenn fanm ak jenn gason ki nan tranten yo gen yon sel rev: jwenn finansman nan men USAID pou yo fe biznis, jwenn sipo Depatman Deta Ameriken pou yo vin chef ann Ayiti, travay kom enfomate pou CIA pou fe menm dyob sal Jean Baptiste Conze te fe pou milite meriken yo. Le Ayiti libere, fok Premye Novanm tounen jounen nasyonal rezistans kont lesklavaj, eksplwatasyon ak enjistis. Kile n ap sispann Divalyeris ak lavalasyen pou nou viv kou Ayisyen(Haytien)? Nou pa dwe bliye kijan Francois Duvalier kase ren peyi a nan fose tout moun ki te gen konpetans ak konesans kite peyi a pou al viv lot kote. Nou pa dwe bliye kijan Jean Bertrand Aristide fe 20 mil solda Ameriken pile te Dessalines nan e mete yon anbago ki kraze ekonomi peyi ki te deja ap pran kou nan Men FMI ak Bank Mondyal sou lod Etazini jis pou entere pesonel li. Charlemagne Peralte kase kou Aristide tou vivan. Yo met ta bay Aristide 2 milya dola vet; li pa fouti site non Lide konsekan Kako a jodia.

Nou menm ki jen nan peyi a, nou pa dwe pedi espwa paske bagay yo ka chanje e yo dwe chanje. Charlemagne Peralte te ka chwazi konpote l menm jan ak tout fanm ak gason ki pase nan lekol kongreganis yo k ap vann nanm yo nan fe masisi fe madivinez e vann fre yo ak se yo pou lajan, pou opotonite, pou pouvwa; ki pouvwa ato? Jodia, se ti neg ki vann peyi a bay blan. Se menm neg ki touye Dessalines yo ki ranje konplo ki touye Charlemagne Peralte e ki bannou Lavalas ak PHTK ki fini ak peyi a. Nou pa gen dwa janm bliye se Aristide ki ouvri peyi a bay trafikan dwog. M ap kite nou ak 2 let Charlemagne Peralte te ekri, na gade pou ko nou ki dimansyon Potorik gason sa te genyen. Na konprann poukisa yo pa janm ansenye Istwa Ayiti lekol. Na konprann poukisa nou pa janm ka aprann lekol istwa peyi a nan bon ti mamit pandan denye 100 tan sa yo. Na konprann ke tout neg ki monte sou pouvwa ann Ayiti pandan 100 denye ane sa yo te toujou gen grenn zanno kay ofev e yo pa janm pa restavek Blan Meriken. Jodia pa sipoze jou pou n ap fe makak nan simitye nan zafe gede. Se yon jou espesyal pou nou chita reflechi sou peyi nou k ap gringole desann kote bandi ki pa ka legal, mafya lokal ak mafya entenasyonal mete ansanm pou anpeche malere viv.

Na konprann ke li pa nan entere Etazini pou nou dyaloge tout bon vre e chita ansanm pou nou reflechi sou sa ki dezini nou e jwenn fason pou nou mache kontre nan chimen rekonsilyasyon, lanmou, fratenite, libete, pwogre ak devlopman. Konze yo, fo patriyot yo, ti lolit fo mamit yo ka twonpe tet yo, men yo pa ka twonpe Bondye e yo pap ka kraze Ayiti e pase memwa Dessalines ak Charlemagne Massena Peralte anba pye pou tout tan. Yon jou Ayiti va gen lide ki pap we tet yo anvan peyi; yon jou Ayiti va gen lide ki respekte lavi e ki kwe nan sakrifis Zanset nou yo te fe. Nou swete jou sa pa lwen e nou menm ki jen, nou dwe goumen pou soley libete a leve sou Ayiti. Respe ak Lone pou Charlemagne Massena Peralte, yon potorik gason ki senbolize rezistans yon pep k ap soufri anba men zannimo sovaj ki gen fom moun men ki pa moun! Ayiti pa pou Etazini. Fokis nou jodia se: kouman n ap fe pou n jwenn pot soti ki mennen sou libete e ki ka pemet nou konstwi Ayiti pou tout Ayisyen k ap viv ak fyete!

Kerlens Tilus. 11/01/2019

Leave a Reply

Copyright © RadioHaitiFusion All rights reserved. | Newsphere by AF themes.